Ribrik ti kwen konesans* 📚🖊️💥
Boujou tout tokay mwen yo nan non gran chèf nou jezi kri mwen gen posibilite jodia ki 3 jiyè 2023 pataje ti ribrik sa avèk nou sou telefòn nou ki ap ede nou konnen plis.
Pou kòmanse panse jounen an se:"Moun ki pèdi tèt li nan pasyon li pèdi mwens pase moun ki pèdi pasyon li."
Otè: Saint Augustin
*Kiyès ki Saint Augistin an?*
Augustine nan Hippo oswa Saint Augustine, fèt 13 novanm 354 nan Thagaste, yon minisipalite nan pwovens Lafrik la, e li te mouri 28 out 430 nan Hippo, se te yon filozòf, kretyen women epi teolojyen ki te sèvi kòm evèk Ippon nan Numidia.
*Jou pou jou, dat pou dat*
▪3 jiyè 324: Constantine bat Licinius nan Adrianople. ...
▪3 jiyè 987: kouwonasyon Hugues Capet. ...
▪3 jiyè 1187: Saladin te viktorye nan Hattîn. ...
▪3 jiyè 1315: Louis X le Hutin entèdi esklavaj an Frans.
▪3 jiyè 1608: Samuel de Champlain te fonde Quebec.
▪3 jiyè 1866: "Twanderclap" nan Sadowa
*Vèsè jounen an*
21Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la.
_Matye 7:21_
Jodia m pral pale nou de relijyon.
*Kisa relijyon an ye?*
Relijyon soti nan yon mo laten ki se "religare" ki vle di "relye". Ebyen relijyon an se yon pakèt pratik ak kwoyans ki defini rapò ant moun ak sa ki sa sakre.
*Ki wòl relijyon an jwe nan lavi moun?*
Relijyon pèmèt Lòm avanse nan dikte bon konduit. Tèks relijye yo enfòme disip la sou bon konpòtman pou adopte nan sosyete a ak respè pou pote sou lòt moun ak sou tèt li. Relijyon se youn nan mwayen ki pèmèt moun asepte mizè l.
*Ki relijyon ki pi enfliyan?*
Mond lan chaje ak relijyon men gen 5 ki pi enfliyan ki se:
•Krisyanis
•Islam
•Endouyis
•Boudis
•Jidayis
*Ki relijyon ki pi ansyen?*
Relijyon ki pi ansyen an se "Endouyis" li te la 3000 mil ane avan Jezi Kri.
*Bagay ensolit*
Inivèsite Oxford la pi ansyen ki sivilizasyon aztèk la. Civilizasyon Aztèk te kreye alantou 13yèm syèk la, pandan ke Oxford te konn akeyi elèv depi nan epòk 11yèm syèk.
*Devinèt Jounen an*
Yon tren elektrik ki te pari pu li ale toulouz ki direksyon lafimen tren ap fè?
*Konsèy*
Pa tann bon moman se pran moman fèl bon.
Mèsi paske ou te pretem atansyonw maten an pase yon bon jounen nan lanmou ak lajwa.
Randevou pou demen ak menm lè a
Aspiran Rouby John Bonneval " Kiwo Sen Monfò"
.jpeg)
Commentaires
Enregistrer un commentaire